Yon chanson pou monte vè tanp lan
1 Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a.
Li te reponn mwen.
2Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,
de lang ki plen manti yo.
3Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè?
4Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.
5Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec,
Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!
6Nanm mwen gen demè li avèk sila ki
rayi lapè yo pandan twòp tan.
7Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.

Notes


120:1 Sòm 18:6

120:3 Sòm 52:4

120:5 Jen 10:2

120:6 Sòm 35:20

120:7 Sòm 109:4