Youn Sòm David; tankou yon sonj memorab
1O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni fè m chatiman nan kòlè Ou k ap brile.
2Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m,
epi men Ou fin peze m.
3 Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,
akoz endiyasyon Ou.
Nanpwen lasante nan zo m yo
akoz peche mwen.
4Paske inikite mwen yo fin monte sou tèt mwen.
Tankou yon fado lou, yo peze twòp pou mwen.
5Blesi mwen yo vin santi e anfle akoz foli mwen.
6Mwen fin koube nèt e bese anpil.
Mwen ap fè doulè tout lajounen.
7Paske ren mwen plen ak brile.
Nanpwen anyen ansante nan chè m.
8Mwen pa kab santi anyen ankò.
Mwen fin kraze nèt.
Vwa m plenyen akoz kè m ajite.
9SENYÈ, tout volonte m devan Ou.
Tout plent a vwa m yo pa kache a Ou menm.
10Kè m bat fò, fòs mwen kite m.
Menm limyè a zye m, menm sa fin kite mwen.
11Pwòch mwen yo avèk zanmi mwen yo
kanpe nan distans akoz touman m.
Fanmi m yo kanpe byen lwen.
12Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.
Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.
Y ap manniganse trayizon tout lajounen.
13Men mwen menm, tankou yon moun mouri,
mwen pa tande;
Epi se tankou yon bèbè, ki pa ouvri bouch li.
14Wi, mwen tankou yon nonm ki pa tande.
E nan bouch mwen, pa gen repons.
15Paske mwen mete espwa m nan Ou, O SENYÈ.
Ou va reponn, O SENYÈ, Bondye mwen an.
16Paske mwen te di: “Ke yo pa vin rejwi sou mwen.
Pou lè pye m chape, pou yo ta vante tèt yo kont mwen.”
17Paske mwen prèt pou tonbe.
Tristès mwen devan m tout tan.
18Konsa, mwen konfese inikite mwen.
Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m.
19Men lènmi m yo plen kouraj e fò.
Yo anpil ki rayi mwen san koz.
20Sila ki remèt mal pou byen yo
se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.
21Pa abandone m, O SENYÈ.
O Bondye m nan, pa rete lwen m!
22Fè vit pou ede mwen,
O SENYÈ, delivrans mwen an!