1SENYÈ a renye, kite latè rejwi!
Kite tout lil yo fè kè kontan!
2Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li.
Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.
3Se dife ki ale devan L pou brile tout
advèsè Li yo toupatou.
4 Loray Li yo klere tout mond lan.
Latè wè e li tranble.
5Mòn yo fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a,
devan prezans SENYÈ tout latè a.
6 Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.
7Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont,
ki vin ògeye sou zafè zidòl yo.
Adore Li, tout dye yo.
8Sion te tande sa e te rejwi.
Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.
9Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè.
Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.
10 Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!
Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.
Li delivre yo nan men a mechan yo.
11Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,
ak kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.
12Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e
bay remèsiman a non sen Li an.