Yon Sòm pou monte vè tanp lan
1Mwen leve zye m vè mòn yo.
Se kibò sekou mwen va sòti?
2Sekou m sòti nan SENYÈ a,
ki te fè syèl la ak tè a.
3Li p ap kite pye ou chape.
Sila ki kenbe ou a p ap kabicha, ni dòmi.
4Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
5SENYÈ a se gadyen ou.
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
6 Solèy p ap frape ou lajounen,
ni lalin pandan lannwit.
7SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.
Li va kenbe nanm ou.
8Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,
depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

Notes


121:1 Sòm 87:1

121:2 Sòm 115:15

121:3 I Sam 2:9

121:5 Sòm 91:4

121:6 Sòm 91:5

121:8 Det 28:6