Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
Yon sòm David.
1Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste,
Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
2Yo pale sa ki fo a youn lòt.
Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
3Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,
ak lang ki pale gwo bagay yo;
4ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
5“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
6Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
7Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.
Ou va prezève yo soti nan
jenerasyon sila a jis pou tout tan.
8Mechan yo pwomennen toupatou tout kote
lè bagay ki lèd vin leve wo
pami fis a lòm yo.