1Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,
e pèp yo fòmante yon vye bagay?
2Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo
pran konsèy ansanm kont SENYÈ a,
e kont onksyone pa Li a:
3“Annou chire chenn sa yo,
e jete kòd ki mare nou yo!”
4Sila ki chita nan syèl la ri;
SENYÈ a ap moke yo.
5Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li.
Li va fè yo sezi nan kòlè Li.
6Men pou Mwen menm,
Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion,
mòn sen Mwen an.
7Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;
SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen.
Se jodi a, Mwen te fè Ou.
8Mande Mwen, e Mwen va bay Ou
nasyon yo kon eritaj,
jis rive nan dènye pwent latè
kon posesyon pa Ou.
9Ou va kase yo avèk yon baton fè,
Ou va kraze yo tankou veso kanari.”
10Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès.
Fè atansyon, O jij sou latè yo.
11Adore SENYÈ a avèk gran respè e
rejwi avèk tranbleman.
12Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache,
epi ou ta mouri nan chemen an.
Paske gwo chalè Li kab limen ase vit.
A la beni se tout sila ki kache nan Li.