Yon chan pou monte vè tanp lan.
1A Ou menm, mwen leve zye mwen,
O Ou menm ki chita sou
twòn Ou nan syèl la!
2Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo,
Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li,
Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.
3Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras,
paske nou ranpli ak mepriz.
4Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo,
avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.

Notes


123:1 Sòm 2:4

123:2 Pwov 27:18

123:3 Né 4:4

123:4 Né 2:19