SÒM YO
Liv I
1Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3Li va tankou yon pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
4Mechan yo pa konsa.
Yo tankou pay ke van an pouse ale.
5Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz jijman an,
ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
6Paske SENYÈ a konnen chemen
a sila ki dwat yo,
men chemen a mechan yo va disparèt.