Yon chan pou monte vè tanp lan.
1O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa gen awogans.
Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè,
ni nan sa ki twò wo pou mwen.
2Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen.
Menm jan ke yon pitit poze sou manman l,
anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.
3O Israël, mete espwa nan SENYÈ a
depi koulye a e jis rive pou tout tan.

Notes


131:1 Pwov 30:13

131:2 Mat 18:3

131:3 Sòm 130:7