Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
1Mwen te kontan lè yo te di mwen,
“Annou ale lakay SENYÈ a.”
2Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!
3Jérusalem, ki bati kon yon vil ki kole dyanm ansanm,
4sou sila, tribi yo konn monte, menm tribi a SENYÈ yo,
yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
5Paske la, twòn yo te plase pou jijman,
twòn lakay David yo.
6Priye pou lapè Jérusalem.
Sila ki renmen ou yo va pwospere.
7Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan palè ou yo.
8Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a,
“Ke lapè anndan ou”.
9 Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.

Notes


122:1 Sòm 42:4

122:3 II Sam 5:9

122:4 Egz 23:17

122:5 Det 17:8

122:6 Sòm 102:14

122:7 Sòm 48:3-13

122:8 I Sam 25:6

122:9 Né 2:10