1Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la.
2 Fis a Japhet yo te Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec, ak Tiras.
3Fis Gomer yo te Aschkenaz, Riphat avèk Togarma.
4Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim.
5Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.
6 Fis a Cham yo te Cush, Mitsraïm, Puth, avèk Canaan.
7Fis a Cush yo te Saba, Havila, Saba, Raema avèk Sabteca. Fis a Raema yo te Séba avèk Dedan.
8Cush te fè osi Nimrod. Li te kòmanse vin pwisan sou latè. 9Li te yon nonm fò nan fè lachas devan SENYÈ a. Akoz sa yo abitye di: “tankou Nimrod, yon nonm fò nan lachas devan SENYÈ a”.
10Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo. 11De teritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach, 12Avèk Résen antre Ninive e Calach, ki se gran vil la.
13Mitsraïm te devni papa Ludim, Anamim, Lehabim ak Naphtuhim. 14Avèk Patrusim ak Casluhim (kote Filisten yo te sòti a) avèk Caphtorim.
15Canaan te vin papa Sidon ki te premye ne a, avèk Heth; 16epi Jebizyen yo avèk Amoreyen yo, ak Gigazyen yo, 17Evyen yo, Akyen yo, avèk Sinyen yo, 18avèk Avadyen yo, Tsemaryen yo, Amatyen yo, e apre, fanmi Canaran an te gaye toupatou.
19 Teritwa Canaan an te sòti depi Sidon pou pwoche Guérar, jis rive Gaza, kote lè nou pwoche Sodome ak Gomorrhe, avèk Adma ak Tseboïm jis Léscha.
20Sa yo se fis Cham yo selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon pa yo.
21Osi a Sem, papa a tout pitit Héber yo, e pi gran frè pou Japhet te fè pitit. 22Fis a Sem yo te Élam, Assur, Arpacschad, Lud, avèk Aram.
23Fis Aram yo te Uts, Hul, Guéter avèk Masch.
24Arpacschad te fè Schélach, epi Schélach te fè Héber.
25 Konsa, te ne a Héber de fis: non a youn te Péleg, paske nan jou pa l la latè te divize. Epi frè l la te rele Jokthan.
26Jokthan te vin papa Almonad ak Schéleph, Hatsarmaveth, Jrach, 27Hadoram, Uzal, Dikla, 28Obal, Abimaël, Séba, 29Ophir, Havila ak Jbab. Tout sa yo te fis pou Jokthan. 30Alò andwa kote yo te rete te rive jis nan Méscha lè nou ale vè Sephar, teritwa mòn lès la.
31Men sila ki se fis Sem yo, selon fanmi pa yo, selon langaj yo, selon teritwa yo, selon nasyon yo.
32Sila yo se fanmi a fis Noé yo selon jenerasyon yo, selon nasyon pa yo. Konsa, depi nan sa yo, nasyon yo te separe sou latè apre delij la.