Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a
1O SENYÈ, gade kijan lènmi mwen
yo ap miltipliye;
Anpil moun leve kont mwen.
2Anpil moun pale de nanm mwen,
“Nanpwen delivrans pou li nan Bondye.”
Tan
3Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,
glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
4Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;
Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an
Tan
5Mwen te kouche e dòmi;
mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
6Mwen p ap pè menm dè milye de moun
ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.
7Leve, O SENYÈ!
Sove mwen, O Bondye mwen!
Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo.
Ou te kraze dan a mechan yo.
8 Delivrans se nan SENYÈ a.
Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.