1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
3Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
4A Sila sèl ki fè gwo mèvèy yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
5A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
6a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
7a Sila ki te fè gran limyè yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
8 solèy ki pou domine lajounen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
9Lalin ak zetwal pou domine lannwit,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
10A Sila ki te frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
11ki te mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
12Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
13a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
14ki te fè Israël pase nan mitan li,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
15men Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
16a Sila ki te mennen pèp Li a nan dezè a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
17a Sila ki te frape gran wa yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
18ki te touye wa pwisan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
19 Sihon, wa Amoreyen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
20ak Og, wa Basan an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
21e te bay peyi yo kon eritaj,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
22menm yon eritaj a Israël, sèvitè Li a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
23ki te sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
24epi ki te delivre nou nan men advèsè nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
25ki bay manje a tout chè,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
26Bay remèsiman a Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

Notes


136:1 I Kwo 16:34

136:2 Det 10:17

136:4 Det 6:22

136:6 Jen 1:2-9

136:7 Jen 1:14-18

136:8 Jen 1:16

136:10 Egz 12:29

136:11 Egz 12:51

136:12 Egz 6:1-6

136:13 Egz 14:21

136:15 Egz 14:27

136:16 Egz 13:18

136:17 Sòm 135:10-12

136:18 Det 29:7

136:19 Nonb 21:21-24

136:20 Nonb 21:33-35

136:21 Jos 12:1

136:22 Sòm 105:6

136:23 Sòm 9:12

136:24 Jij 6:9

136:25 Sòm 104:27

136:26 Sòm 104:27