Yon sòm David
1A Ou menm, O SENYÈ, mwen leve nanm mwen.
2O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.
Pa kite mwen vin wont;
pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.
3Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;
sila ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
enstwi m nan chemen Ou yo.
5Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;
se Ou m ap tann tout lajounen.
6Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la depi tan ale nèt.
7Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
8Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;
pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
9Li dirije enb yo nan jistis, e
Li va enstwi enb yo nan chemen Li.
10Tout chemen Bondye se nan
lanmou dous avèk verite
pou sila ki kenbe akò Li yo ak
temwayaj Li yo.
11Pou koz a non Ou, O SENYÈ,
padone inikite mwen, paske li anpil.
12Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?
Li va enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
13Nanm li va viv alèz.
Desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
14 Lamitye SENYÈ a se pou sila ki
gen lakrent Li yo.
Li va fè yo konnen akò Li.
15Zye m toujou vè SENYÈ a,
paske Li va retire pye mwen nan pèlen an.
16 Vire vè mwen e fè m gras,
paske mwen abandone e aflije.
17Twoub a kè m yo vin plis.
Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
18Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,
e padone tout peche mwen yo.
19Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.
Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.
20Gade nanm mwen e delivre mwen.
Pa kite m vin wont, paske mwen
pran refij nan Ou menm.
21Kite entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,
paske se Ou m ap tann.
22Delivre Israël, O Bondye, sou
tout twoub li yo.