Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd.
Yon sòm David.
1O SENYÈ, pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni ba m chatiman nan fachez Ou.
2Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen
chagren anpil.
Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
3epi nanm mwen fè gwo chagren.
Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?
4Retounen, O SENYÈ, fè nanm mwen chape.
Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
5Paske mò yo pa rele non Ou.
Nan andwa kote mò yo ye a,
se kilès k ap bay Ou remèsiman?
6Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m.
Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo.
Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
7 Zye m pouri nèt ak gwo doulè.
Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
8 Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo,
paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
9SENYÈ a te tande demand priyè mwen.
SENYÈ a te resevwa lapriyè mwen.
10Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt.
Yo va vire fè bak sibitman.
Yo va vin wont anpil.

Notes


6:1 Sòm 38:1

6:2 Os 6:1

6:3 Sòm 88:3

6:4 Sòm 17:13

6:5 Ekl 9:10

6:6 Sòm 42:3

6:7 Job 17:7

6:8 Mat 7:23

6:9 Sòm 66:19-20

6:10 Sòm 73:19