Yon Sòm David
1 SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen
Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”
2SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di:
“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.
3Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo.
Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an;
ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.
4SENYÈ a fin sèmante. Li p ap chanje panse L:
“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd Melchisédek.”
5SENYÈ a sou men dwat ou.
Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.
6Li va jije pami nasyon yo.
Li fè gwo pil kadav yo,
Li va brize tèt a chèf tout latè a.
7Li va bwè nan flèv pandan L an wout;
konsa, Li va leve tèt Li wo.