1“Lespri m fin kase.
Jou m yo etenn;
tonbo a pare pou mwen.
2 Anverite mokè yo avè m,
e zye m fikse sou pwovokasyon yo.
3“Depoze la koulye a, yon sekirite.
Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm.
Se kilès ki kab antann avè m?
4Paske Ou te anpeche kè yo konprann;
pou sa, ou pa p egzalte yo.
5Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la,
menm zye pitit li yo va vin gate.
6“Men Li te fè m vin tounen yon vye pwovèb pou pèp la.
Konsa, yo vin krache sou figi m.
7Anplis, zye m vin pa wè klè akoz doulè m,
e tout nanm mwen tankou lonbraj.
8Moun ladwati va byen twouble ak sa,
e linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.
9Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li
e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
10Men nou tout, retounen;
malgre mwen pa twouve yon nonm saj pami nou.
11 Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt,
menm dezi a kè mwen yo.
12Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen.
Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
13Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen,
si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
14Si mwen kriye a fòs tonbo a:
‘Se ou ki papa m’; epi a vè a:
“Ou se manman m ak sè m’;
15Alò, koulye a, se kibò espwa mwen ye?
Epi se kilès k ap okipe espwa m?
16Èske espwa m va desann avèk mwen
nan Sejou Lanmò yo?
Èske se ansanm n ap desann nan pousyè a?”

Notes


17:2 Job 12:4

17:4 Job 12:20

17:6 Job 17:2

17:6 Job 30:10

17:7 Job 16:16

17:8 Job 22:19

17:9 Pwov 4:18

17:9 Job 22:30

17:10 Job 12:12

17:11 Job 7:6

17:13 Job 3:13

17:14 Job 21:26

17:15 Job 7:6

17:16 Job 3:17