FILIPYEN YO
1Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk dirijan legliz ak dyak yo tou: 2 Lagras pou nou, ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a Jésus Kri.
3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a. 7Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m. 8Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.
9Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la; 11Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
12Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la. 13Paske anprizonman mwen pou koz a Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo. 14Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent. 15Asireman kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite. 16Dènye nan sa yo, fè l avèk lanmou, paske yo konnen ke m te chwazi pou defans a levanjil la. 17Premye sa yo pwoklame Kris avèk anbisyon pèsonèl, olye santiman de bon kè, akoz yo panse ke sa ka fè m chagren nan anprizonman mwen an.
18Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen. 19Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a. 20Selon sensè volonte ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris va menm koulye a, kòm toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò. 21Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj. 22Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito. 23Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil, 24men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm. 25 Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa. 26Konsa konfyans fyète nou an nan mwen kapab vin debòde nan Jésus Kri lè mwen vin bò kote nou an ankò.
27Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la, 28san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye. 29Paske, a nou menm li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li. 30Konsa nou ap pase menm konfli entèn ke nou te wè m pase a, e koulye a tande k ap fèt nan mwen.