1Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja. 2Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach. 3Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. 4Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa. 5Paske mwen pa konsidere tèt mwen kòm enferyè a pi gran apot yo. 6Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.
7Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm san frè? 8Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te pran kòb soutyen lan nan men yo pou sèvi nou. 9Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la. 10 Jan verite Kris la nan mwen an vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo. 11Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!
12Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
16 Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti. 17Sa m ap di a, mwen p ap di li jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen an. 18Akoz ke anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou. 19Men nou menm ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan. 20Paske nou tolere li si yon moun fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi. 21Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an. 22Èske se Ebre yo ye? Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? Mwen menm tou. 23Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò. 24Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo trant-nèf kout fwèt. 25Twa fwa mwen te bat avèk baton, yon fwa mwen te lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè. 26Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo. 27Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.
28Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo. 29Kilès ki vin fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.
30Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a feblès mwen. 31Bondye e Papa a Senyè a Jésus Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti. 32Nan Damas gouvènè anba Arétas, wa a t ap veye vil moun Damas yo pou l te kapab sezi mwen. 33Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li.