1Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di:
“Leve, plede ka ou devan mòn yo;
kite kolin yo tande vwa ou.
2Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a,
e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo.
Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a,
e Li va plede ka Li ak Israël.
3“Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou?
Nan kisa Mwen te fatige ou?
Reponn Mwen!
4Anverite Mwen te mennen nou
monte soti nan peyi Égypte.
Mwen te rachte ou soti nan kay esklavaj la.
Mwen te voye devan ou Moïse, Aaron ak Marie.”
5Pèp mwen, sonje koulye a konsèy
Balak, wa Moab la ak sa Balaam,
fis a Beor a, te reponn li depi
nan Sittim rive Guilgal,
pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”
6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,
e bese m ba devan Bondye anlè a?
Èske mwen ta vini ak ofrann brile,
ak ti bèf ki gen yon lane?
7Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo?
Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?
Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay
pou zak rebelyon mwen yo?
Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?
8Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
9Vwa SENYÈ a va rele vè vil la,
e sajès, li menm, fè lakrent non Ou.
“Koute baton an,
ak Sila ki te deziye l.
10Èske toujou gen trezò mechanste
lakay mechan an, ak yon mezi ki manke?
Ki se madichonnen?
11Èske Mwen kapab tolere yon fo balans
ak yon sachè fo pèz?
12Paske moun rich li yo plen vyolans.
Rezidan li yo fè manti,
e lang yo twonpe soti nan bouch yo.
13Konsa tou, Mwen te frape ou ak yon blesi grav.
Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.
14Ou va manje, men ou p ap satisfè.
Imilyasyon ou va nan mitan ou.
Ou va vin mete sou kote,
men ou p ap konsève,
e sa ke ou t ap rezève a,
Mwen va bay li a nepe.
15Ou va simen, men ou p ap rekòlte.
Ou va kraze grenn oliv anba pye,
men ou menm p ap onksyone ak lwil;
kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.
16Paske se règleman Omri yo nou kenbe,
ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève,
e se nan konsèy yo ke nou mache.
Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt.
Pèp ou a va giyonnen,
e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”

Notes


6:2 És 1:18

6:3 Jr 2:5; És 43:22,23

6:4 Det 7:8; Egz 4:10-16

6:6 Sòm 40:6-8

6:7 Sòm 50:9

6:7 Lev 18:21

6:8 És 56:1

6:8 Os 6:6

6:10 Jr 5:26,27

6:11 Lev 19:36

6:12 Jr 9:2-6,8

6:12 És 3:8

6:13 Mi 1:9; És 1:7

6:14 És 9:20

6:14 És 30:6

6:15 Det 28:38-40; Am 5:11

6:16 I Wa 16:25,26

6:16 Jr 7:24