1Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo,
tout sa ki pou founi pen
e tout sa ki pou founi dlo;
2 Nonm pwisan an,
gèrye la,
jij ak pwofèt la,
divinò a ak ansyen an,
3Kapitèn dè senkant yo,
nonm ki resevwa onè a,
konseye a,
atizan an,
ak sila ki fò nan fè wanga a.
4Konsa, Mwen va fè senp tigason yo vin chèf sou yo,
e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.
5Epi pèp la va oprime,
youn pa yon lòt e chak pa vwazen li;
jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo
e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.
6Lè yon nonm mete men l sou frè l lakay papa l, epi di:
“Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an,
e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,
7Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di:
“Se pa mwen menm k ap geri nou an;
paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto;
se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”
8Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz
pawòl ak zak yo kont SENYÈ a;
pou yo fè rebèl kont prezans sen Li an.
9Vizaj figi yo fè temwen kont yo,
e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome.
Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm!
Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.
10Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo,
paske yo va manje fwi a zèv yo.
11Malè a mechan an!
Sa prale mal pou li.
Paske sa li merite a, se sa k ap rive li.
12O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun
ak fanm ki gouvène sou yo.
O pèp Mwen an! Sila k ap gide ou yo, egare ou,
e konfonn direksyon chemen nou yo.
13Se SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo
e ki kanpe pou jije pèp la.
14SENYÈ a antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a.
“Se nou ki te devore chan rezen an;
piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
15Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an,
e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
16Anplis SENYÈ a di: “Akoz fi a Sion yo ògeye,
mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,
mache ak ti pa kout pou atire zye gason,
e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.
17Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,
e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”
18Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, dekorasyon kwasan yo, 19zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo, 20 dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo, 21bag dwèt yo, zanno nen yo. 22Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo, 23miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.
24Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous,
ap gen move odè pouriti;
olye se sentiwon, ap gen yon kòd;
olye se cheve swa byen ranje,
ap gen yon tèt chòv;
olye se bèl vètman, ya mete twal sak;
epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.
25Gason nou yo va tonbe devan nepe,
ak moun pwisan nou yo nan batay.
26Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon,
doulè ak dezolasyon nèt. Li va chita atè.

Notes


3:1 Lev 26:26

3:2 II Wa 24:14

3:4 Ekl 10:16

3:5 Mi 7:3-6

3:6 És 4:1

3:7 Éz 34:4

3:8 És 65:3

3:9 Pwov 8:36

3:10 Det 28:1-14

3:11 Det 28:15-68

3:12 És 9:16

3:13 És 66:16

3:14 Job 22:4

3:15 Sòm 94:5

3:16 Kan 3:11

3:18 Jij 8:21-26

3:20 Egz 29:38

3:21 Jen 24:47

3:24 I Pi 3:3

3:25 És 1:20

3:26 Lam 2:10