1Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò. 2Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.” 3Akoz sa, plen ak jwa, nou va rale dlo nan sous sali yo. 4Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! 5 Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè! 6Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”

Notes


12:1 Sòm 30:5

12:2 És 26:3

12:3 Jn 4:10

12:4 Sòm 145:4

12:5 Egz 15:1

12:6 És 1:24