1Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo. 2Konsa, li te rive ke pandan yo t ap vwayaje vè lès, ke yo te twouve yon gran plèn nan peyi ki rele Schinear, e yo te vin rete la.
3Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye. 4Yo te di: “Vini, annou bati yon gran vil pou pwòp tèt nou, avèk yon kay wo tou won avèk yon twati ki va lonje rive jis nan syèl la. Konsa, annou fè pou pwòp tèt nou yon gran non, sof ke sa, nou va vin gaye toupatou sou tout sifas tè a.”
5 SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a. 6Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche. 7Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”
8Pou sa, SENYÈ a te gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la. 9Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
10 Sa yo se te achiv pou tout jenerasyon a Sem yo. Sem te gen laj santan, lè l te vin papa a Arpacschad, dez ane apre delij la. 11Epi Sem te viv senk-santane apre li te vin papa a Arpacschad. Li te gen lòt fis ak fi.
12Arpacschad te viv trant-senk ane, lè l te vin papa a Schélach. 13Konsa, Arpacschad te viv kat-san-twa lane apre li te vin papa a Schélach, e li te gen lòt fis ak fi.
14Schélach te viv trantan, e li te vin papa a Héber; 15epi Schélach te viv kat-san-twazane apre li te vin papa a Héber. Li te gen lòt fis ak fi.
16Héber te viv pandan trant-kat ane, lè l te devni papa a Péleg; 17epi konsa, Héber te viv pandan kat-san-trant ane apre li te vin papa a Péleg, e li te gen lòt fis ak fi.
18Péleg te viv pandan trant ane, lè l te vin papa a Reu. 19Konsa, Péleg te viv pandan de-san-nèf ane apre li te vin papa a Rehu, e li te gen lòt fis ak fi.
20Rehu te viv pandan trant-de ane, lè l te vin papa a Serug. 21Rehu te viv pandan de-san-sèt ane apre li te vin papa a Serug, e li te gen lòt fis ak fi.
22Serug te viv pandan trant ane lè l te vin papa a Nachor. 23Epi Serug te viv de-san ane apre li te vin papa a Nachor, e li te fè lòt fis ak fi.
24Nachor te viv pandan vent-nèf ane, e li te vin papa a Térach; 25epi Nachor te viv san-diz-nèf ane apre li te vin papa a Térach, e li te gen lòt fis ak fi.
26Térach te viv swasann-dis ane, e li te vin papa a Abram, Nachor, ak Haran.
27Alò sa yo se achiv pou tout jenerasyon a Térach yo. Térach te vin papa Abram, Nachor, avèk Haran.
Haran te fè Lot. 28Haran te mouri nan prezans papa li, Térach nan peyi nesans li, nan Ur pou Kaldeyen yo. 29Abram avèk Nachor te pran madanm yo pou yo menm. Non a madanm Abram nan se te Saraï, e non a madanm Nachor a se te Milca, fi a Haran an, papa a Milcah avèk Jisca. 30 Saraï te esteril. Li pa t fè pitit.
31Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
32Jou a Térach yo te de-san-senk ane. Térach te vin mouri Haran.