1Sajès bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
2Li te prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
3Li voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
4“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”
Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:
5“Vin manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
6Kite foli ou pou ou ka viv;
epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
7Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,
e sila ki repwoche yon nonm mechan
va resevwa ofans sou tèt li.
8Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
9Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
13Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
14Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote wo plas vil yo.
15Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo:
16 Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17“Dlo yo vòlè dous
e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.