1 Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo: 2 “Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”
3Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la. 4Epi yo te fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li. 5Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”
6 Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre la, 7 yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.
8Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa. Yo te di: “Poukisa l ap fè gaspiyaj konsa? 9Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”
10Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay. 11 Paske malere yo ap toujou avèk nou, men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan. 12 Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l pou prepare Mwen pou lantèman. 13 Anverite, Mwen di nou ke nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan, sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale pou yo sonje li nèt.”
14 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo. 15Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?”
Yo te peze bay li trant pyès ajan. 16Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
17 Alò, nan premye jou Fèt Pen San Ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
18Li te di yo: “Ale nan vil la a yon sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive. M ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.” ’ ”
19Disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a. Konsa, yo te prepare Jou Pak la.
20 Alò, lè fènwa te vin rive, Jésus te lonje sou tab la avèk douz disip yo. 21Pandan yo t ap manje, Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.
22Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”
23Li te reponn: “Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an. 24 Fis a Lòm nan gen pou ale, jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan! Li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
25 Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?”
Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.”
26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
27Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
30 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.
31Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a, paske sa ekri: ‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a, epi tout mouton va gaye.’ 32 Men lè M leve, M ap prale devan nou Galilée.”
33Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm, mwen menm, mwen p ap fè bak.”
34Jésus te di li: “Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”
35Pierre te di Li: “Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.
36 Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”
37Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. 38Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
40Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab veye avè M pandan yon sèl èdtan? 41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè la fèb.”
42Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ke volonte Ou fèt.”
43Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. 44Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
45 Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo. 46 Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!”
47 Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo. 48Konsa, sila ki t ap trayi Li a te deja bay yo yon sinyal. Li te di: “Sila ke m bo a, se Li menm. Sezi Li.” 49Touswit, Li te ale kote Jésus. Li te di: “Bonswa Rabbi (Mèt)!” e li te bo Li.
50Jésus te di Li: “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.
51Epi konsa, youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.
52Alò, Jésus te di l: “Remete nepe ou nan plas li; paske tout sila ki leve nepe yo, y ap peri pa nepe. 53 Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke douz lejyon (sa vle di 72,000) zanj? 54 Men kijan konsa, pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”
55Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M. 56 Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.”
Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.
57 Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.
58Men Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan li ta fini.
59Epi chèf prèt yo avèk tout Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò. 60Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante.
Men pita, te gen de ki te vin prezante. 61Yo te di: “Nonm sa a te di: ‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’ ”
62Konsa, wo prèt la te kanpe pou te di L: “Èske Ou p ap reponn? Kisa ke moun sa yo ap temwaye kont ou an?”
63Men Jésus te rete an silans.
Epi wo prèt la te di L: “Mwen egzije Ou pa Bondye vivan an, pou di nou, si Ou menm se Kris La, Fis Bondye a.”
64Jésus te di li: “Ou te di li ou menm. Malgre sa, Mwen ap di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan k ap chita sou men dwat Pwisan an e k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”
65Konsa wo prèt la te chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan. 66Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: “Li merite lanmò!”
67 Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen. Lòt yo te souflete L. 68Yo te di: “Pwofetize pou nou, Ou menm Kris la! Kilès ki te frape Ou a?”
69 Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”
70Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”
71Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
72Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
73Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”
74Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”
Imedyatman, kòk la te chante. 75Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.

Notes


26:1 Mat 7:28

26:2 Mc 14:1-2

26:3 Mat 26:58,59

26:4 Mat 12:14

26:5 Mat 27:24

26:6 Luc 7:37-39

26:7 Luc 7:37

26:11 Det 15:11

26:12 Jn 19:40

26:13 Mc 14:9

26:14 Mc 14:10-11

26:15 Egz 21:32

26:17 Mc 14:12-16

26:18 Mc 14:13

26:20 Mc 14:17-21

26:21 Luc 22:21-23

26:23 Sòm 41:9

26:24 Mat 26:31-54

26:25 Mat 26:14

26:26 I Kor 10:16

26:28 Egz 24:8

26:30 Mc 14:26-31

26:31 Za 13:7

26:32 Mat 28:7,10,16

26:34 Mat 26:75

26:35 Jn 13:37

26:36 Mc 14:32-42

26:37 Mat 4:21

26:38 Jn 12:27

26:39 Mat 20:22

26:39 Mat 26:42

26:40 Mat 26:38

26:41 Mc 14:38

26:42 Mat 26:39

26:45 Mc 14:41

26:47 Mc 14:43-50

26:49 Mat 23:7

26:50 Mat 20:13

26:51 Mc 14:47

26:52 Jen 9:6

26:53 Mc 5:9,15

26:53 Mat 4:11

26:54 Mat 26:24

26:55 Mc 12:35

26:56 Mat 26:24

26:57 Mc 14:53-65

26:58 Jn 18:15

26:58 Mat 26:3

26:59 Mat 5:22

26:60 Det 19:15

26:61 Mat 27:40

26:63 Mat 26:63-66

26:64 Dan 7:13

26:65 Nonb 14:6

26:66 Lev 24:16

26:67 És 50:6

26:68 Mc 14:65

26:69 Mc 14:66-72

26:73 Mc 14:70