1Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.
2Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, 3 kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa?
Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo. 4Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.
5Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou monn k ap vini an, sou sa n ap pale a, 6men youn te temwaye yon kote, pou di:
“Kisa lòm ye, pou ou sonje li?
Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li?
7Ou fè li pou yon ti tan yon ti jan pi
piti pase zanj yo.
Ou kouwone li avèk glwa ak lonè.
Ou ba li pouvwa sou tout zèv men Ou yo;
8e Ou mete tout bagay anba pye li.”
Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li.
9Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.
10Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.
11Paske Sila ki fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè. 12Li di:
“Mwen va pwokame non Ou a frè m yo.
Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.
13Epi ankò:
“Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.”
E ankò:
“Gade, Mwen menm avèk pitit
ke Bondye te ban Mwen yo.”
14Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; 15e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
16Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.
17Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo. 18Paske akoz ke Li menm te tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.