1Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye. 3Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa. 5Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche. 6Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7Ti moun yo, pa kite pèsòn tronpe nou. Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis. 8Men sila ki pratike peche se a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis la a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv yo a dyab la.
9Nanpwen pèsòn ki ne a Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10Selon sa pitit yo a Bondye, ak pitit yo a dyab la se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa a Bondye, ni sila ki pa renmen frè li.
11Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a ke nou dwe renmen yon a lòt. 12Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan la, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
13Pa etonnen, frè yo, si lemonn rayi nou.
14Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15Nenpòt ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.
16Men konsa nou rekonèt lamou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17Men nenpòt ki gen byen yo a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li? 18Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
19Nou va rekonèt konsa ke nou se nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen konfyans devan Bondye. 22Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.
23Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non lan a Fis Li, Jésus Kri, epi renmen yon ak lòt, kon Li te kòmande nou.
24Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.

Notes


3:1 Jn 3:16

3:1 Jn 1:12

3:2 Wo 8:29

3:2 Jn 17:24

3:3 Wo 15:12

3:4 Wo 4:15

3:5 Jn 1:29

3:5 II Kor 5:21

3:6 I Jn 3:9

3:7 I Jn 2:26

3:7 I Jn 2:29

3:8 Jn 8:44

3:9 Jn 1:13

3:10 Jn 1:12

3:10 I Jn 2:9

3:11 Jn 15:12

3:12 Jen 4:8

3:12 I Jn 2:13

3:13 Jn 15:18

3:14 Jn 5:24

3:15 Mat 5:21

3:16 Jn 10:11

3:17 Jc 2:15

3:17 Det 15:7

3:18 II Jn 1

3:19 I Jn 2:21

3:21 I Jn 2:28

3:22 I Jn 2:3

3:22 Jn 8:29

3:23 Jn 6:29

3:23 Jn 1:12

3:24 I Jn 2:3

3:24 I Jn 2:5