1Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te: 2Nan fis a Asaph yo: Zaccur, Joseph, Nethania avèk Aschareéla; fis a Asaph yo te anba direksyon a Asaph, ki te pwofetize anba direksyon a wa a. 3 Selon Juduthun, fis a Juduthun yo: Guedalia, Tseri, Ésaïe, Haschabia, Matthithia avèk Schimeï, sis, anba direksyon a papa yo, Juduthun, avèk ap la, ki te konn pwofetize nan bay remèsiman avèk lwanj SENYÈ a. 4Selon Héman, fis a Héman nan: Bukkija, Matthania, Uziel, Schebuel, Jerimoth, Hanania, Hanani, Éliatha, Guiddalthi, Romamthi-Ézer, Joschbekascha, Mallòthi, Hothir, Machazioth. 5Tout sila yo te fis a Héman yo, konseye a wa a ki pou bay li ekspiyasyon selon pawòl a Bondye; paske Bondye te bay katòz fis ak twa fi a Héman. 6Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a. 7Fòs kantite nan yo ki te prepare kon chantè a SENYÈ yo, avèk manm fanmi pa yo, tout te byen abil, te de-san-katreven-di-zuit. 8Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.
9Alò, premye tiraj osò a te tonbe a Asaph pou Joseph, dezyèm nan pou Guedalia, li menm, fanmi li ak fis pa li yo te fè douz; 10Twazyèm nan a Zaccur, fis li yo avèk fanmi li, douz; 11katriyèm nan a Jìtseri, fis li yo avèk fanmi li, douz; 12senkyèm nan a Nethania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 13sizyèm nan a Bukkija, fis li yo avèk fanmi li, douz; 14setyèm nan a Jesareéla, fis li yo avèk fanmi li, douz; 15uityèm nan a Ésaïe, fis li yo avèk fanmi li, douz; 16nevyèm nan a Matthania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 17dizyèm nan a Schimeï, fis li yo avèk fanmi li, douz; 18onzyèm nan a Azareel, fis li yo avèk fanmi li, douz; 19douzyèm nan a Haschabia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 20trèzyèm nan a Schubaël, fis li yo avèk fanmi li, douz; 21katòzyèm nan a Matthithia, fis li yo avèk fanmi li, douz; 22kenzyèm nan a Jerémoth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 23sèzyèm nan a Hanania, fis li yo avèk fanmi li, douz; 24di-setyèm nan a Joschbekascha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 25di-zuityèm nan a Hanani, fis li yo avèk fanmi li, douz; 26diz-nevyèm nan a Mallothi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 27ventyèm nan a Élijatha, fis li yo avèk fanmi li, douz; 28ven-te-inyèm nan a Hothir, fis li yo avèk fanmi li, douz; 29venn-dezyèm nan a Guiddalthi, fis li yo avèk fanmi li, douz; 30venn-twazyèm nan a Machazioth, fis li yo avèk fanmi li, douz; 31venn-katriyèm nan a Romamthi-Ézer, fis li yo avèk fanmi li, douz.