Yon Sòm
1O chante a SENYÈ a yon chan tounèf, paske Li te fè anpil bèl mèvèy.
Men dwat Li ak bra sen Li yo te vin genyen viktwa pou Li.
2SENYÈ a te fè sali Li rekonèt.
Li te devwale ladwati Li pou tout nasyon yo wè.
3Li te sonje lanmou dous Li a avèk fidelite Li pou lakay Israël.
4Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè!
Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!
5Chante lwanj a SENYÈ a avèk ap,
avèk ap ak vwa melodi a.
6Avèk twonpèt ak son a kòn.
Rele fò devan Wa a, SENYÈ a.
7Kite lanmè a fè gwo bri ak tout sa ki ladann,
Lemonn ak tout sa ki rete ladann yo.
8Kite larivyè yo bat men yo.
Kite mòn yo chante ansanm ak jwa
9devan SENYÈ a,
paske l ap vini pou jije latè.
Li va jije lemonn ak ladwati Li
E pèp yo avèk jistis.