Yon Sòm Asaph
1Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a.
Li fè jijman nan mitan dye yo.
2Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,
e montre favè a mechan yo?
3“Fè defans fèb yo ak òfelen yo.
Fè jistis a aflije ak malere yo.
4 Sove fèb yo ak malere yo.
Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
5Yo pa konnen ni yo pa konprann.
Yo mache toupatou nan fènwa.
Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.
6Mwen te di: “Se dye ke nou ye,
e nou tout se fis a Pi Wo a.
7Sepandan, nou va mouri tankou moun,
e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”
8Leve, O Bondye, jije tè a!
Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.